Page 1 of 13

Patisipe nan premye Plan Forè Iben vil Nouyòk la!

Limyè ki pase ant flè seriz woz yo klere tè a pandan vizitè yo ap mache nan Sunset Park. Ou ka wè kèk bilding apatman atravè pyebwa yo.
Pye bwa seriz an fleri nan Sunset Park. Sous: NYC Parks.

Vil Nouyòk ap devlope premye Plan Forè Iben li a, epi opinyon w esansyèl pou siksè li.


Forè iben an gen ladan li plis pase sèt milyon pyebwa ki kouvri lari, lakou, pak, inivèsite, biznis, ak zòn natirèl nan tout vil Nouyòk. Li se yon pati enpòtan nan vil la, e li fèt pou tout moun ka jwenn aksè ladan li.

Yon desen ki montre tout diferan kalite pyebwa ki egziste nan yon vil — soti nan zòn natirèl ki pi kouvri ak pyebwa, rive nan pak ki byen amenaje, pyebwa ki nan lakou bilding yo, epi pyebwa ki plante sou twotwa yo.
Dyagram ki montre diferan tip kouvèti pyebwa nan forè iben an. Sous: Natural Areas Conservancy.

Plan sa a ap dirije pa Biwo Majistra a pou Jistis Klimatik ak Anviwònmantal (MOCEJ), an kolaborasyon ak Depatman Pak Vil Nouyòk (NYC Parks), Fondasyon Pak Vil la (City Parks Foundation), Konsèvasyon Zòn Natirèl (Natural Areas Conservancy), ak The Nature Conservancy, Plan Forè Iben an pral mete estrateji sou pye pou elaji twati pyebwa vil la rive 30% nan tout katye yo, yon inisyativ ki antre nan PlaNYC — plan alontèm vil la, ki vize sou adrese chalè ekstrèm.


Yon forè iben ki an sante, ki rezistan, ak solid ap ede amelyore kalite lè a, absòbe dlo lapli, epi diminye lòt menas ki gen rapò ak chanjman klimatik.


Pandan Vil la ap lanse plan an, l ap chèche opinyon Nouyòkè ki soti nan senk minisipalite yo pou asire li pran an konsiderasyon bezwen, sousi, ak kapasite espesyal tout katye ak kominote nou yo.


Nou envite tout Nouyòkè ki gen 18 an oswa plis pou ranpli sondaj sa a pou fè tande vwa yo nan pwosesis planifikasyon sa a. Sondaj la anonim, men nan fen an, ou gen opsyon pou bay enfòmasyon kontak ou si w ta renmen patisipe nan swen pyebwa oswa lòt opòtinite planifikasyon nan lavni.


Kesyonè a ap louvri jiska 30 Jen 2025.